21e sonj


                7 Oktob 2005, 12 apòt yo,12 manb jiri, 12 blan je vèt pran desizyon lage m', men lèzetazini pa vle m' tounen an Haïti, lap ofri rezidans pou m' rete. Men, aprè tout sa m' fin viv yo (sonj, vizyon, elatriye), mwen konnen misyon m' se pou Haïti ak tout mond li ye. Olye yo retounen m' tousuit nan peyi m' aprè vèdik ki inosante m' nan, yo prefere kenbe m' konnye a kòm moun ki te rantre lèzetazini san papye, nan Kròm, Miyami. Sete nan peryòd siklònik ; yon siklòn ki te nan wout pral kòz yo deside retire m' Miyami, epi yo voye m' Texas.


                Taylor se te premye kote yo te mete m' lè m' rive Texas, epi Karnes, se dezyèm nan. Mwen pat gen anpil chwa nan Karnes paske m' te antoure pa yon pakèt Meksiken. Te gen yon sèl Ayisyen m' te ka pale avè l', men li te pli jèn pase m', epi sa m' te ka pale ave l' yo pa t' ap janm enterese l' ditou. Pou m' te fè tan pase, grenn bagay m' te konn fè se te li ak reli labib ; se te ofèt grenn nouriti m' te konn manje. Jou sa ki te 20 desanm 2005 lan, mwen pral fè dènye sonj pou intèval 597 jou m' te pase lèzetazini, nan kad batèm netwayaj mwen. Nan rèv sa, Bondye pral revele m' ankò ki es m' ye, epi ki destine m'.


                Jou sa a m' tap li labib, epi yon ti dòmi vole m'. Mwen te sou do, epi bib la te rete tou ouvè sou lestomak mwen. M' wè syèl tankou yon ekran yon televizyon ki limen. Gen 2 mo ki tap soti nan fon ekran an pou l' parèt an gran plan, 2 mo ki te ekri sou ekran an, se te : << GAULDY message >>. Syèl la te trè klere ; 2 mo sa yo te parèt tankou sou yon gran ekran nan yon sal sinema ; yo sòti nan fon pou yo vin gwo gwo sou ekran an. Jis letan pou m' te fin li yo, m' gentan reveye ; epi nan tout enkonsyans, m' tap eksplike Meksiken yo sa m' sòt wè nan domi an, men yo pat konprann anyen. Dayè yo pa pale kreyòl.


Eksplikasyon :
                Nap remake mo, Message, la plase aprè GAULDY. Poukisa ? Sinpleman, paske GAULDY se yon sig anglè. Si se te nan lang fransè, li tap ekri plito : Message de GAULDY. Men Gran Chef la mete l' deyè pou l' fè m konpran se yon mo anglè li ye. Ki sa GAULDY siyifi ?

GAULDY siyifi : Great Architect of Universe and Light of Destiny of You.


                Avan menm ti dòmi an te volè m' nan, mwen tap li nan liv Apokalyps. Lè m' fin konsyan nèt, aprè ti bout sonj sa, m' repran bib mwen pou m' kontinye li menm kote m' te kite l' lan. Epi m' le' m rive nan Apokalyps 7 : 2, mwen te wè yon pwen limyè k'ap briye, k' ap ekri lèt vèsè yo pou mwen. Tousuit, nan kè m', nan espri m', m' konnen se mwen !


Tout glwa se pou Bondye Haïti a ! Lè l' fin jwen, ma jwen !


Mesi, Papa YAH, pou mèvèy sa !


Saka la ka wè l' !


Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB