7e sonj


                Nan dat 10 jiyè 2005, Papa YAH te brize tout vwal ki te anpeche m' sezi ki es mwen ye egzakteman ; sonj sa te fè m' etone anpil le m' tande m' di pawòl sa yo. Lè m' te piti, m' grandi, m' ap tande kòman gran mè m' pase mizè anpil, men m' pat konprann pou ki sa. Sonj sa te revele 2 bagay ki impòtan.


                Byen bonè nan maten, nan dat 10 jiyè, mwen te tande yon vwa ki ban m' 2 limyè sa yo. Men lè m' te rekonèt mwen, nan sonj lan, mwen te wè m' yon kote ki chage ak moun, men mwen pat konnen youn nan yo. Fwa sa, se pa yon vwa m' te tande, se te plito mwen menm ki t' ap eksplike yo orijin ak mizè fanmi m' pase, epi ki kote twòn satan ye an Ayiti : Mwen te di yo : << Satan konnen gen youn nan pititpitit gran mè m' ki gen pou l' vin delivre Ayiti, li fache kont li, epi li touye preske tout pitit li yo. Aprè, mwen di : << Patriarch, se la wi twòn Lucifer ye an Ayiti >>.


Epi m' reveye.

Pou sezi ak konprann sit sa ki rele Patriarch la, reli 3e sonj lan !

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB