19e Sonj


                Gen kèk rèv ki te gen pou wòl banm limyè sou wout difisil m' te ye a ; gen lòt tou m' te recevwa pou te prepare m' pou misyon m'. Sonj sa se te yon nan yo, epi li te trè klè.


                Byen bonè nan maten 19 out 2004, li te egzakteman 2 : 5 h lè m' te reveye pou m' te ekri non 7e espri Sen an ki gen pou misyon nan Apokalyps jere legliz Layodise a.


                Mwen te plonje nan yon somèy profon lè m' santi sou kòm yon pikotman jeneral ; kò pike sa te reveye m' rapidman, men sa te nui m' anpil. Depi lè m' kòmanse gen kontak ak YAHVEH, sou tèt mwen, m' toujou gen kreyon ak papye. Jou sa se te menm bagay, kreyon ak papye m' te toujou anba zoye m'. Kidonk, lè pikotman reveye m' nan, nan tout enkonsyans, mwen pran kreyon ak papye a, m' ekri : << S. Spiritu Sanctu >>. M' te santi kontrarye, epi mwen dòmi ankò. Men yon titan aprè, lè li fin jou nèt, m' pral reyalize tout enpòtans espri sa nan mete sou pye wayòm Bondye sou tè a.


S. Se non kache espri a ; li komanse avek S kòm premye lèt ki konpoze non sa. Mwen sele non an pou lòt moun pa konnen l'.

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB