15e sonj


                Si te gen yon lòt sonj ki te fè m' pè nan prizon lèzetazini, sonj sa nan dat 14 Septanm 2004 la, te youn nan yo. Nèg anlè te konfime m' yon gwo pwofesi nan labib. Rèv sa trè eksplikatif ; sa l' reprezante a te dekri sa youn nan pi gwo pwofèt yo te revele, Daniel.


                Lè m' rekonèt mwen nan rèv la, m' te wè m' ap kouri anpil, anpil, paske te gen yon lòt moun ki t' ap kouri dèyè m' pou te fè m' mal. San poze, m' t' ap kouri ; sou pasaj mwen, nan sousi pou m' t' al kache, m' rantre nan yon kay ki te vid. Pi gran sal li te bay aksè ak yon lòt ki pipiti. M' travèse pi gran pou m' ale kache nan pipiti a. Lè m' rive, m' wè Yon GWO SÈPAN, Ii gwo tankou yon Anakonnda ; 2 je l' te tankou 2 je imen. Li sòti nan kachèt kote l' te ye a, li vin pran sant mwen, egzamine fron m' de prè, li te ka anviron 15 santimèt.

                Li bay enpresyon tankou l' t' ap cheche yon mak nan fron m', li jwen li ; epi, li soti. Mwen te pè anpil paske sèpan sa pat ranpe tankou tout lòt yo, li te bay enpresyon li gen pat paske m' te wè l' anlè san kòl pa touche tè. Nan moman li t' ap sòti nan ti sal m' te ye a, pou l' ale nan gran sal, li rankontre nèg ki t'ap kouri dèyè m' nan. Se sèn ki t' ap pi òrib m' t' ap janm viv nan vi m' si m' pat gentan wè fim Anakonnda a, avanm t' ale nan prizon lèzetazini.

                Sèpan pran nan gòj moun sa ki t' ap kouri dèyè m' nan, epi li bwè san l' ; se tankou l' ta fè yon chèn nan kou nèg la. Sèn te telman efreyan pou yon moun gade, mwen sòti pè tankou chat, lè m' ap pase bò kote yo pou m' ale.


Epi m' pantan.


Sèpan se ti kòn ki gen 2 je imen nan liv Daniel la ; li te ekri Nèg anlè pral livre nou ba li pou Youn peryòd, de peryòd, epi mwatye youn peryòd (= 597 jou). Men tou, tout moun ki vle ogmante nan mizè nou, menm si l' t' ap ede lèzetazini nan misyon li genyen pou li toumante nou, lèzetazini ap mange l' !


Chòz di, chòz fèt !

Sak ka konprann ap konprann !

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB