6e sonj


                Kontrèman ak 5e sonj lan, mwen te fè l' nan premye semès 2004 lan, sa a li menm, m' te fè l' nan dat 19 jiyè 2005, nan prizon lèzetazini. Tankou mwen te di l' deja, m' te fè plis pase yon trantèn. Gen ki konsène m', men anpil lòt se pou m' te konprann pwofesi sou Ayiti ak sou limanite ki nan labib. Sonj sa trè kout, men li banm limyè sou rasanbleman pitit Bondye yo sou latè nan kad yon evènman selès.


                Ankò, mwen te wè m' St - Raphaël, lè m' rekonèt mwen nan sonj lan ; li te anviron 2 oubyen 3 zè nan maten. Mwen te wè m' egzakteman sou gran ri a, ki bò yon ti glasi nou te konn jwe foutbòl sou li ; li tou prè kay Manne Celestin. Se sou li lontan mesye sa te konn seche kakao, mayi, pwa, elatriye.


                Kidonk, mwen te egzakteman nan pozisyon sa lè m' te rekonèt mwen nan ti bout sonj tou kout sa. Mwen leve je m' anlè, epi m' vin ap gade syèl la nan direksyon sidès ; mwen wè yon pakèt, pakèt zetwal, pèsòn pa ka konte, youn bò kote lòt. Epi nan menm moman an, mwen tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di an kreyòl : << Zetwal yo ap rasanble paske pral gen yon fèt nan syèl la >>.


Epi m' pantan.


Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB