20e sonj
Nan tout rèv mwen te fè nan prizon
Lèz'Etaz'Uni, sonj sa te pwouve ke m' te fè eksperyans sa pou yon bòn koz, epi pou
yon bagay ekstraòdinè. Depi nan premye semèn mwen nan prizon an, grenn sousi m'
te genyen, se te konprann la'Bib, sutou pwofesi ki sele yo. Pou sa, mwen pat
janm suspann mande BonDye pou l' ede m' konprann la'Bib, paske li deja banm
anpil lumyè pou l' te gide m' sou wout difisil sa mwen te ye a. Mwen li e reli
tout Bib la tankou yon pastan. Men nan lannuit 30 ak 31 Desanm 2004,
egzakteman nan dat 31, bonè nan maten, men youn nan pi gwo lumyè ki pral fè m'
konprann tout pwofesi ki gen chif ou nonb nan la'Bib. Nèg anlè a pete tout kadna
sou So yo ; li ouvè je m' nan rèv sa :
Lè m' rekonèt mwen nan sonj lan, m' te wè m' chita nan yon sal klas ; te genyen anpil elèv, men se 2 m' te rekonèt nan yo, paske nou te fè primè ansanm nan l'Ekòl Mathieu, Sen - Raphael. Sou tablo a, te gen anpil fraz ki te ekri, men se yon sèl, m' te ka li : << Kòman sèks te ye nan la'Fanmi ? >> 2 elèv fi ke m' te rekonèt yo, te gen nan men yo chak yon plum ki pat menm koulè. Nan yon anbyans ti jwèt - jalouzi ki pral mennen nan yon bagay fatal, yo tap change plas 2 plum yo : Youn pran plum pa l' li mete l' nan plas plum lòt la, lòt la pran plum pa l' li mete l' nan plas plum lòt la. Ti jwèt saa te repete pluzyè fwa juskaske yo vin enève. Men mwen menm, m' te chita dèyè yo, epi m' tap gade yo ki sanble yo t' ap fè jalouzi. Dezyèm nan ki te chita adwat premye a pran yon mouchwa, oubyen yon moso twal, epi li toufe lòt la, te gen anpil san atè a. Tout suit aprè, yon kò pike pranm, epi m' reveye, mwen ekri nan tout enkonsyans 3 nonb sa yo : << 21, 14 et 44 >>.
21
44
14
Eksplikasyon tou kout :
21 = 1290 jours
14 = 995 (Tan ki rete pou Tan la'fen an fini)
44 = Tan ki ale deja.
Gade sou Facebook (kont lan) 4e, 5e ak 6e So nou brize deja. Gade nan background ki dèyè m' nan videyo ki sou YouTube yo, wap wè kòman yo te ekri.
Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde