1e sonj


                Nan dat 2 jen 2005, jou ki te fè m’ 33 zan egzakteman, depi Bondye desann mwen sou latè, oubyen nan mond sa, depi Papa YAH enkane m’, mwen te fè yon revelasyon sou Haїti, men se te swit ak yon demand mwen te fè nan dat premye jen. Nan jou mèkredi ki te premye jen, mwen tap li labib, m’ te wè yon pèsonaj ki rele Cyrus nan liv Ésaїe, ki gen yon pakèt misyon pou l’ akonpli nan mond lan. Nan lasware, mwen te priye, mwen te mande Nèg anlè a pou l’ te vin di m’ kiyès sa. Byen bonè nan maten, mwen te fè yon rèv ki pwal revele m’ destine m’. Men tou, ki te atire atansyon m’ sou abondans epi gran devlopman pou Ayiti.


Bonè, nan maten 2 jen, ki te fè m’ 33 zan, mwen tap dòmi, mwen tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki kuipe, li te retanti pawòl sa yo byen fò, epi li di :

« Yo gen diri a, yo prefere jete l’, olye yo bay pèp mwen an li. Di pèp mwen an pou mwen : Lè yo plante diri, lap bay yo anpil, lè yo plante bannann, lap bay yo anpil ! Lè m gade, mwen wè yon gwo vas chan plen diri, epi chak pye bannann te bay 2 rejim olye youn. » Nan moman sa, mwen te wè m’ ap antre nan yon ti kay pay, dèyè m’ te gen kèk ajan sekirite. Mwen tounen tèt mwen dèyè, epi m’ di yo : « Nou panse se ti malere sa ki vle asasinen m’ nan ! Se te yon fason pou mwen te di yo, rete deyò. » Nan moman mwen te fin di yo sa, menm vwa ki te sòti nan syèl la kontinye pou l’ di : « Men m’ kay pay pral gen kouran, frijidè ak televizyon. »

Epi m' reveye !

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB