Yon manman ki te gen 2 pitit gason !


Tout moun konnen Papa pran kout pitit, men Manman, non.
                
Gen yon fanm ki te marye, premye pitit li, se te pou mari l', 2e nan, se te pou enmi mari l', men mari a te konn sa, li pa janm di anyen. Manman an soufriiiii, jemi nan kòd, premye pitit gason l' fache, epi kase youn nan kòd yo. Men, ti frè l' la, pitit li yo, pitapitit, pitapitapita pitit li yo, elt., pa kontan, epi yo touye tonton yo.

Yon titan aprè, ti frè a ale, men tout pitit li yo rayi Grann yo, epi sere tout lòt kòd yo pidi. Mari Grann yo rale tichèz bal, li ri li kriye paske li te renmen madanm li anpil ; men li di tou : << Jan chache, jan trouve ; mache chache pa janm dòmi san soupe ! >> Mwen swete l' kite penbèch. 
Jou ale jou vini, tout bote Grann nan fane nèt, epi vin pèdi tout espwa lavi, paske pitapitit 2e nèg li ya voye chache tout enemi li te genyen yo, epi yo chita ap gade l' pou yo wè si bòpè Papa yo a ap ka fè eyap pou Grann yo.

Anviwon, vent-nèf (29) jou pase, Mari Grann nan frape pye l' atè, reveye Madanm li, epi yo fè yon 3e pitit gason. Fwa sa ankò, tankou yo te fè premye tonton yo, neve l' yo tou vann li. Men, tankou nan ka Joseph pitit Jacob la, lèzom di : << Pwen final >>, men BonDye di : << Pwen ale alaliy ! >>

Van lespwa soufle, solèy leve, epi lalin klere ; preparasyon ap fèt, li 11 : 55, manke 9 mn pou 3e pitit gason an leve Manman l' danse !

Ere tout Nanm ki envite, Sezaryèn nan pap fasil !

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB