Yon mouton - lyon


Yon mouton - lyon

An verite, nan tout istwa n'ap tande nan mond saa, istwa saa tou montre Satan ak tout pitit li yo se gwo atis komedyen paske depi nou fèt nou poko janm wè koze saa : lyon grangou ki ap defann mouton.

Te gen pluzyè lyon nan yon tanyè, yon dizèn konsa. Men pami yo te gen 2 ki te atire atansyon nou, youn se te yon mal, lòt la yon femèl. Aprè yon titan, mal la kouvri femèl la epi yo deside y'ap rele pitit yo fè yo Mouton. 3 jou aprè, Ti Mouton yo fèt e yo kòmanse ap grandi e annuye Manman yo ak kesyon. Yon bon jou, Ti Mouton yo rele Manman yo epi yo poze kesyon saa : << Manman, mwen wè chak kote nou kwaze ak mouton nou manje l' san pitye, alòke nou se mouton, ou pa janm manje n'. >> Manman an reponn yo : << Nou pa manje w paske w se pitit nou. >> Ti Mouton yo pa konprann epi yo kouri mande Manman yo : << Epi, kòman nou fè mouton, alòke Papa ak Manman nou pa mouton ? >> Manman an reponn li : Gen bagay se je wè, bouch pe ; te gen yon rezon pou saa. Akoz nou menm, tout lyon ap pase pou mouton, e tout mouton ap pase pou lyon, konsa l'ap vin pi fasil pou n' manje tout mouton : Yo pap janm rekonèt yo kòm mouton, ankò mwens pou yo t'a retounen nan bèjri yo. Bèje yo te lage yo san Gadò paske, sou konsèy Grangran Papa m', yo t'ap plede manje zèb nan plas mayi, alòke li te di yo non.

Tan ale, tan vini, move tan pase, move tan vini. Ti Mouton yo vin gen anpil pitit, pitapitit, pitapitapita pitit ; 99 % mouton nan Tanyè a se yo. Manman ak Papa yo konstate vin gen twòp nan Tanyè a, epi yo deside chase tout tig nan teritwa pa yo pou yo fè plas pou tout ti mouton sayo. Bagay saa vin deklanche joure, pale anpil, gè ant pitit Ti mouton yo ak tig e pitit tig. Gè sou gè, anpil pitit mouton mouri, anpil pitit tig mouri. Pitit Ti mouton yo deklare : << Espas saa se Gran Papan m' ki te ban nou li, men tit pwopriyete n', tout vestij yo la, pa gen moun ki ka anpeche nou defann li ; menm nan men Papa ak Manman n' nou pap pran konsèy paske yo vin granmoun, je yo pete, se sou baton yo ye, tan yo rive pou yo ale.

Yon bon lè, 6e jou a rive, solèy leve sou tout lòt vrè mouton ke Manman ak Papa lyon te konn dechire yo, paske move tan an pase pou yo. Avèk letan, Manman ak Papa lyon yo vin tèlman gran moun, pa gen pyès tig ki pè yo ankò, epi tou van cho saa ki ap vante la, dezè saa tèlman cho, m' pa kwè y'ap ka travèse. Tande ! Gran Moun nan te deklare premye ap vin dènye. Gen lè se lè saa ki rive vrèman paske vrè mouton yo komanse suspèk nou se fo mouton. Antouka, Pawòl Gran Moun saa pa janm bay manti non, sanble lè a rive vrèman pou n' kòmanse mande vrè mouton yo padon. Gen 9 an deja depi yon zèklè ap pale pawòl sa wi ; koze a ka pran laru paske menm frè ak sè Papa m' komanse gen pwoblem. 

Gen yon lot bagay mwen tande, yo di menm mouton lanmè a retounen wi.... e se li nou te di n'ap tann paske nou pa kwè nan Gadò a.

Tèt chaje wi,
Mouton se mouton, lyon pap janm mouton !

Evintz BRILLANT (0420122023)

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB