16e sonj


                Nan dat 12 jen 2005, mwen te fè yon gwo sonj ; m' te pran sans li lè lèzetazini te fini ak 7e tantativ li pou l' te touye m' nan pwazon. Rèv sa te plito fè m' konprann m' te fini ak yon etap nan bon batèm nan ki se batèm despri ak dife. Men mwen lè m' te fè l', m' te pense tout bagay fini, poutan se te plito anonse yo tap anonse 2e etap la ki se batèm dife a. Yo te vin prezante m' devan Chef la, tankou Daniel te pwofetize l' nan ch. 7 : 13. Men li :


                Te gen yon bagay tankou yon echèl, sou li te gen 2 zanj ; lè m' te rekonèt mwen nan rèv lan, m' te wè m' nan mitan yo, youn anba, youn anlè. Echél sa te sispandi ant syèl la ak tè a ; li te gen anpil ba ladan l'. 2 zanj yo te gen kelke santimèt de mwen, paske m' te nan mitan yo. Sak ki te sou tèt mwen di m' an kreyòl : << Ou fini ! >> Mwen te reponn li byen move : << Banm pase ; si w te fè m' tonbe ! >> Lè m' fin di sa, li fè yon dwòl mouvman pou l' te banm pase, se pa bagay èt imen ka fè, epi mwen pase.

                Lè m' rive anlè, mwen pa vrèman konn kòman paske m' pat wè m' t' ap monte echèl lan vrèman. Men m' vi n wè m' nan yon chanm toutatè a te fèt ak mab. Lè m' gade anba, se te fè nwa total, leneyan ; men nan pye echèl la, te gen yon moun ki tap goumen pou l' monte, pou l' ta vini kote m' te wè m' nan, kidonk nan chanm nan, men zanj ki te anba a te di l' : << Ou pa gen wòb sou ou >> Lè m' tande ki sak te anpeche moun sa monte, se lè sa mwen gade, epi m' wè m' te genyen yon gwo ròb wouj sou mwen, tankou sa prèt yo konn mete a.


Epi m' reveye.

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB