17e sonj


Kòm situyasyon sosyal e politik Peyi a make san, rèv sa te gentan banm yon ide de sa kap pase e ki pral pase. Sezaryèn nan pap fasil, anpil espri desann pou vin akonpli misyon yo.


Mwen retounen an Haiti nan dat 20 janvye 2006, men m' te toujou kontinue ap jwen lumyè esprituel divin ; sonj sa a se youn nan yo, li trè enpòtan pou sezi e konprann sa ki ap pase nan Peyi a konnye a.


Nan dat 24 Desanm 2008, li te anviwon 4 trè nan maten lè m' reveye pou m' eksplike sonj saa ak Madanm mwen ; li di mwen di l' : << CHERIE, OU KONNEN M' GEN ANPIL POUVWA 

 ! >>


Lè m' rekonèt mwen nan sonj lan, kote mwen te wè m' nan, te gen anpil moun, men se 2 m' te rekonèt nan yo : Himmler Rebu e Sanflore Laurent. Nou tout te ansanm, tou denkou, nou remake, nan zòn Sud'Ès Syèl la, yon pakèt kout Eklè ki t' ap fèt. Yo te tèlman fèt rapid, youn di lòt : << Gade sa k' pase Haiti ; sanble Moun yo pa wè ! >> Jus letan m' fin di sa, m' wè vin parèt yon gwo montay anba pati nan Syèl la, kote kout Eklè yo t'ap fèt la, epi mwen wè yon pakèt ak yon bann anj ki desann sou montay la, yo tout te gen sou yo yon ròb blan. Yo te fache pou yo mouri, yo avanse vin jwen nou ki te kanpe ansanm nan ; nan yon raj m' paka dekri, yo te move anpil. Nan kè m', misyon anj sa yo ki te desann sou montay la se te : << PUNI, TUYE epi VANJE >>.


Kote n' te ye a te chaje ak yon pakèt ti kay, men nou menm, nou te yon tijan dèyè yo lè kout Eklè yo te komanse. Men lè nou wè mèvèy sa, nou te fon ti avanse pi devan pou n' te gade pi byen bagay sa. Mwen pa konnen kote yo pase, paske ant kote kout Eklè yo te fèt la sou montay la e nou menm, se te vid. Pat' gen wout, men nan yon titan tou kout yo te gentan ap vin jwen ou. Lè yo rive, Moun an blan sayo ansèkle nou pou yo atake n', yo move tankou lyon. 

Gen youn nan yo ki vin tout prè m', li gade fontenn mwen, kòm si li t'ap etudye l'. Li te banm enpresyon li jwenn sal' t'ap chache a. Gen yon lòt, men li te mare tankou l' t'ap vin fè m' mal. Lè l' rive bò kote m' pou l' te frape m', anvan li frape m', m' gentan fout li yon frap trè fò nan estomak li, tankou m' te vle di l' : << KONFÒME W ! >>. Lè m' fin fout li frap sa, gen yon lòt ki te avèk yo ki gade sila m' frape nan estomak la, nan yon fason tankou li te vle di l' : << OU PAT WÈ KI YÈS SA, KI DWA W ! >>


Epi mwen wè m' vin tounen chèf yo, m' vin ap bayo lòd, oubyen m' fè siy m' ap bayo lòd. Se lè m' pantan nan dòmi an, epi m' di ak Madanm mwen, nan tout enkonsayans : << CHERIE, OU KONNEN M' GEN ANPIL POUVWA 

 ! >>


Epi aprè, mwen vin konsyan nèt.

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB