8e sonj


                Pawòl Papa YAH pap janm  rete san efè, li te di sa, men lèzòm amize yo betize ak literalite pwofesi yo, epi panse volonte ak fos eksplikasyon yo ka chanje direksyon laverite. 4 sonj sa yo demontre kòman Nèg anlè mèt pase, prezan ak fiti. Li rele m', mwen vini ; li bay nonm (Branche), dat nesans mwen (666), li di tou konbyen tan ki te prevwa pou m' te fè nan prizon : 12 zè. Epi ki kote : Nan yon dezè, elatriye. 4 sonj sa yo se prèv labib se liv laverite ya ; pa gen lòt. Se li ki liv limyè mond lan ; san li, lasyans ak lèzòm tonbe nan yon tou sanfon.


                Mwen te di yo te arete m' nan dat 24 me an Ayiti, kidonk 24 jen te fè m' 30 jou egzakteman depi m' te nan men ti kòn ki gen 2 je imen an. Peryod tribilasyon sa te dwe dire 12 zè, men labib te kache l' konsa : Yon peryòd, 2 peryòd epi mwatye yon peryòd. Men mwen pat konprann anyen nan yo jiskaske li akonpli nan vi m'.


                24 me yo arete m' an Ayiti, 24 jen ki te fè m' egzakteman yon mwa nan prizon lèzetazini, mwen fè yon sonj ke m' pat byen sezi paske m' pat konprann anyen nan anyen, men ki pral gen yon pakèt enpòtans : 

<< Lè m' rekonèt mwen nan rèv la, mwen te wè 2 pitit gason bòpèm, fe Achelon Orvil ; premye a rele Annot, epi dezyèm nan rele Sèm. Se yo menm mwen te wè nan sonj lan ki te sekirite nan prizon an. Prizon nan sonj lan pat sanble ditou avèk prizon ameriken te mete m' nan, nan reyalite. Epi m' di Annot konsa : << Kite m' sòti pou m' ka ale nan inivèsite ! >>, epi li reponn mwen : << Non, li poko 12 zè ; si m' kite w sòti, tout lòt prizonye yo pral mande pou kite yo soti tou >>.

Epi m' reveye.

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB