14e sonj (Suit 13e)


                Nan dat 26 avril, kidonk menm jou ti bout rèv m' te fè granm maten nan dat sa, ladan l' yo te revele m' nonb sa : << 19 >>. Mwen te priye nan lasware, m' te mande YAHVEH ki ti peyi sa ; se tankou m' te konnen deja, men m' tap fè kapris, paske depi nan laprèmidi, lè ti pwen limyè a te briye sou vèsè 19, mwen te tande yon vwa ki di m' nan panse m' se Haïti. Men kan menm, nan priyè m', m toujou fè à 9 : 30, mwen te toujou mande Chef la pou l' konfime pou mwen ti peyi sa. Men sa m' te wè nan yon ti sonj tout kout :


                << Mwen wè yon fòm gason ki parèt devanm, kòl te tankou yon mas lafimen tou nwa, men li pat gen pye ak men. Nan men l' te gen tankou yon liv li t' ap feyte depi nan premye paj jiska dènye. Pandan l' tap feyte liv sa, li te fè yon son nan nen ki ka dire trant segond, tankou : mm mm... ! >>


M pantan !


                Nan demen, lè m reveye ; m' di tèt mwen Bondye di m' Haïti nan tout bib la. Mwen te pran desizyon reli labib. Epi m' dekouvri Haïti vreman nan tout labib.

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB