Mò suiv mò, vivan suiv vivan


Pou byen konprann, əpi səzi pwòp tèt ou !

Mò suiv mò, vivan suiv vivan !

Yon moun, nan tout ras, sə yon nanm ak yon kò ; men pou moun ki gen nivo əsprituèl, yo pito kwè yon moun sə yon anj ki gen yon kò ki rann li fizik. Otreman di, yon fanm, oubyen yon gason, sə yon əspri ki gen yon kò kòm vəyikul li, donk əspri sa ki vi n nanm nan (konsidərə kòm) sə chofè a.

Kòm tout vəyikul, kò a ka tonbə an pa n, lè sa nanm nan mennen l' l'opital pou fè rəparasyon an, oubyen kò a, ki ranpli ak pyès (ògan) ka mouri nèt, paske li gen twòp pyès ki gen pwoblèm ladan l', lè sa nanm nan sòti ladan l', əpi yo antərə kò a. 

Men, sa ki pi subtil la, sə yon nanm ki mouri nan yon kò vivan ; otreman di, sə yon fanm, oubyen yon gason vivan, men poutan sə yon mò ədprituèl. La'Bib palə de fənomèn sa a, Jəzu tə di ak youn nan 12 disip li yo : << [...] kitə mò yo entərə mò parèy yo... ! >> 

Pawòl sa fè nou kwè gen moun ki vivan, men ki sə dè'mò ; nou ka rələ yo tou dè'mò vivan. 

Yon nanm ki poko goutə lumyè, oubyen ki goute lumyè, men ki vomi l', sə yon nanm animal ki pa konn kotə l' sòti ni ki kotə l' pralə. Donk, sə yon mò vivan. Yo toupatou ; lè w jwenn li :
1.
Nan la'Près, l'ap toujou envitə mò parèy li ; 
2.
Sou rəzo sosyo, l'ap toujou like, əpi patajə bagay mò parèy li ;
3.
Nan la'Syans, l'ap toujou apuyə tèz mò parèy li ;
4.
Nan politik, l'ap toujou votə mò parèy li ; 
5.
Nan relijyon, oubyen nan Spiritualitə maləfik tankou vodou, kabal ou franmasònri, əlt., l'ap toujou fidèl, fanatik ou adèp mò parèy li ;
6.
Nan la'Fanmi, l'ap toujou renmen pitit ki mò parèy li ; əlt.

Si w wè w renmen mond sa, renmen atis ki ladan l' k'ap bay satan glwa nan aksyon ak pawòl yo, si w renmen pəyi k'ap touyə moun, pran richès yo, si w renmen relijyon, oubyen dirijan relijyon yo..., konnen w sə yon mò vivan menm si w wè w gen souf toujou. 

Krəyòl òp'dət senpman.

Evintz BRILLANT (12112019)

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB