Nan byen pa gen mal


Pou n' byen sezi, epi konprann !

Pa mande m' fè byen si misyon m' se te fè mal ; okontrè felisite m' paske m' reyisi !

Anpil moun di : << Prezidan monte, prezidan desann, men anyen pa chanje !

Pawol sa bèl anpil, menm si, souvan nanm ki repete l' la pa wè profondè l' !

Jodi a, nou panse li bon pou nou fè yon mizopwen sou li, paske nan tou 2 sans li ekspoze yon verite ki pa byen sezi. E pou nou konsidere l' nan tout profondè espirituèl li, nou pral pran kòm egzanp 2 nasyon, Haiti ak lèzetazini.

Dabò, ann represize sa yon nasyon ye, si n' konsidere lasajès divin. Yon peyi, se yon antite spiritogeografik, ki gen yon espri, yo rele l' : << Nanm nasyonal >> ; wòl li, se konekte tout pitit nasyon sa pou akonpli yon verite biblik dekode ou non. Pa janm gen nasyon nan mond lan ki outrepase bagay sa ; Haïti ak lèzetazini se pi gwo egzanp nan tan modèn sa, nan moman fatidik sa kote lasyans deklare kreyatè l' lagè. Nanm nasyonal la gen pou responsabilite etabli entènet ant tout nanm, oubyen ant tout citoye(è)n nasyon sa. 

Men gen yon bagay ki ekstrèmman enpòtan pou n' sezi nan wòl nanm nasyonal la ; li founi yon entènèt sen ou kòwonpi depandan ki yès nan 2 pi gran fòs envisib nan mond lan k'ap enflyanse l'. Si se lespri sen, ou gen yon egregò positif ki mentnu ant tout nanm nasyon an, alòke si se lespri malen, yon egregò negatif.

Egregò positif oubyen egregò negatif, kòman pou n' sezi bagay sa ?

Pou n' konprann yo, fè nou monte nan yon lòt nivo, la n'ap sezi yon egregò gen dwa positif pou yon nasyon, tandike li negatif nan aksyon ak pawòl nasyon sa pou yon lòt peyi. E se la nou vin fè apèl ak yon lòt bagay, nou rele l' : << Òd mondyal dèchoz >>. Yon Òd mondyal ka diven oubyen satanik ; ankenn peyi pa ka develope an menm tan nan tou 2, sa vle di : << Si Òd imen mondyal malen an te bon pou yon nasyon, òd imen diven pap bon pou li ankò ! >> Se pawòl sa, labib sentize konsa : << Nan dènye jou a, sak' te premye pral dènye, sak' te dènye pral premye ! >>

Pou ki sa ? Paske òd imen mondyal malen an pral chanje. L'ap chanje de malen a diven ; kidonk nasyon ki t'ap menmen nan Òd imen malen an, tankou lèzetazini, pral trennen ; men nasyon ki t'ap trennen yo pral mennen nan òd imen diven an. Haïti, se te youn nan yo. Papa YAH chwazi l' kòm kapital politik ak espirityèl tout lumanite, nan nouvèl Òd imen diven sa. Si radotè nan lasyans, nan espirityalite malefik, si yon nanm animal oubyen yon nasyon awogant, puisant ou pa, kapab, fè l' pa rive pou m' wè yo ! 

Politik lèzetazini anvè Haiti pa janm chanje, dabò se paske yo se 2 enmi, se fanm 2 prens (prens lavi, prens lanmò), men tou se paske siksesyon prezidan nan yon menm Òd pa gen ankenn efè sou aksyon ak pawòl yon nasyon. Bagay sa tou pa diferan pou Haiti ; retire oubyen mete prezidan pap janm gen ankenn diferans paske Haiti anba yon Òd satanik, pitit li fè ak Lucifer yo akonpli sak te ekri ya, kidonk misyon yo : << Mete l' dènye... ! >> Se nivo konpreansyon sa, lèw genyen l', yon grenn bagay wap di dirijan yo depi 17 oktòb 1806 : << Merci, M. les dirigeants, vous avez réussi ! >> 

Sispann kritike lèzetazini, sispann kritike dirijan l' yo ki pa janm chanje nan aksyon ak pawòl yo anvè Haïti ; sispann tou kritike dirijan nou yo, depi aprè asasina premye chwazi ya, Enperè Jacques Ier, paske yo fè siksè. 

Erezman, nou se jenerasyon Papa YAH beni pou n' konstate lafen tan yo !

Tout glwa se pou ou, Papa YAH ! 

Ke Haïti, Solèy tout nasyon, reprezante yon echantiyon paradi ya sou latè, tankou sa ekri nan liv limyè inivèsèl la, labib !

Evintz BRILLANT (19102020)

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB