Yon mò nan youn nan simetyè yo


Yon ti istwa 

Yon mò nan youn nan simetyè yo !

Pou di gen yon bagay ki pi enteresan rete bò yon simetyè, ou tande mò k'ap joure mò, mò ki pat' vle wè mò lè l' te vivan, mò k'ap selebre chak jou yon mò vivan ki vin wè l', elatriye. 

Nan tout istwa mò mwen tande, gen youn m' ta renmen pataje avèk nou, se te pa yon mò pami tout mò nan yon simetyè, kidonk yon mò yon kout eklè te reveye :

Te gen yon simetyè, li pat tankou tout simetyè, paske li te gen yon Mèt. Premye pitit gason Mèt li mouri, gadyen simetyè yo di : << Nou pap entere l' nan simetyè a non, mò - vivan pral adore l' epi konsidere l' kòm chèf simetyè a. N'ap rache l', mete l' nan yon sak, si chans pou nou, Mèt simetyè a pa janm gen lòt pitit gason, nou tou eritye simetyè a nèt ! >> 

48 tè aprè, gadyen simetyè yo, pitit yo, pita pitit yo tande yon bagay etranj, gen yon mò Mèt simetyè a leve, epi k'ap rakonte yon bagay etranj : << Mwen se yon mò, m' te mouri, nan simetyè sa yo te antere m', yon jou m' santi yon tap plaw tonbe sou mwen, gade m' gade mwen wè m' lakay yon Mèt ki di m' : << Mò nanm pa mò kò, ere tout mò kò, nanm yo toujou rete vivan menm si malfektè ta touye kò yo ! >> Gadyen yo sezi lè yo tande pawòl sa, epi yo di : << Tèt chaje, ou kwè se vre mezanmi, antouka mò se mò, vivan se vivan, pyès mò paka vin vivan. Si se ta vre, n'ap pran mò nan menm simetyè ya, kote l' te antere a, pwòp frè ak sè l' pou n' fè l' wont ak pawòl fatra, pawòl radòt li yo ! >> 

Tout swit, yo planifye yon reyinyon. Gadyen simetyè yo reyini ak tout lòt mò, gen nan yo se te mason, gen lòt se te desinatè ak konseptè fòs yo te ye, sila yo menm ki te la pou chante fineray, ki te la pou envite lòt mò pou orezon finèb ap bat bravo, mikro nan bouch yo, nan tout domèn, orezon finèb ap pwononse, elatriye. Gadyen simetyè yo pran la pawòl, epi yo di : << Mezanmi, gen yon ijans, nou tande istwa sa tou, yon mò nou te gen nan simetyè a ki disparèt, malfektè yo pran l', men jodi a bit reyinyon sa, se pou n' konnen ki malfektè ki te fè sa, epi ki yès nan mò orezon finèb yo ki ka fè l' retounen. N'ap komanse di : Mò se mò, se nan simetyè sa rete ! >> 

Zen pete, deblozay eklate nan reyinyon an, anpil mò pat dakò paske yo te tande vwa mò ki te pran tap la. Kidonk, reyinyon divize an 2 gwoup, yon gwoup pou, yon lòt gwoup kont. Men te gen yon 3e kategori mò nan simetyè ya, fòs yo te fon anpil, nan tou yo te antere yo a, gadyen simetyè yo te vide beton nan yo, lè eko tap la te rive sou yo, yo di : << Tchuip, pou ki sa bri sa fèt la, kite n' tande ! >> 

Mèt simetyè a di : << Ok. M' pral pran yon twonpèt, m'ap fè yon sèl kout twonpèt pou tout mò, mò ki tande ap vin zanmi 2e pitit gason m' nan, men tout lòt mò ki te tande pale sou tap m' te bay la, men ki te tchwipe, pa menm tande lòt kout twonpèt la. >>

Mò tande mò, vivan tande vivan.

Evintz BRILLANT

Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde

Autres publications

PUB