Yon dènye match
Devan bagay etranj
sa, gen fanatik k'ap kriye, epi gen lòt k'ap aplodi ; Abit la menm,
siflèt nan bouch li, l'ap tann midi, alòke tou 2 ekip yo t'ap chofe
jarèt, kapitèn yo menm ap koupe youn lòt kout je.
Tou 2
entrenè yo, se enmi jire. Pi piti ya te menm di se li menm k'ap toujou
genyen, jodiya se li menm ki mèt, ekip li ya pi fò, sak pa kontan
anbake. Se pawòl kòk bon kalite nan baskou sa ki egzije lòt entrenè a
preprare jwè l' yo tou, men an reta, se pou sa l' monte tèren an 9 minit
aprè.
Finalman aprè soufrans espektatè yo, match la kòmanse,
banyè ap flote tribò babò, men youn nan 2 antrenè yo ale paske lòt la
pyeje l' : Deblozay pete, lannuit rive, lapli mete pye, kouri pasi pala,
stad la efondre nèt, anpil san koule tankou nan kannal, tonnè gronde,
zèklè file. Men, meteo anonse bon tan, gen yon etwal k'ap klere nan syèl
la malgre gwo van siklòn nan.
Nan tou 2 kan yo, tout fanatik
yo kriye - kontan, lè yo wè non etwal la nan syèl la, epi yo di :
<< Antouka, match nou an fini, ann' al' gade ki lòt ekip ki pral
monte tèren sa aaa, aprè nou ! >>
Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde
