Se lespri ki libere kò...
Pèp haitien,
tande byen (7e anons) !
Se lespri ki libere kò...
Pou ki sa pou BonDye ta kite ankò plane dout e tou vid pou Satan ak pitit li yo banbile, pyafe nan bay manti istorik, tankou y'ap batay pou yo volè glwa l' pou endepandans fizik an 1804 la.
Pou l' fèt, Endepandans esprituèl la se Syèl la ki pral vomi lumyè sou bwa dufe revolusyon an, men se pa Revolusyon ki ap libere Haiti. Sa wap tande e gade yo la se etap pou justifye faz ultim epurasyon fizikoesprituèl nasyonal la.
Enemi Haiti yo pi puisan ke Haiti, epi Haitien yo enkonsyan : tout zam ki ap touye nou yo, se Ameriken ki vann yo. Kidonk, menm si liberasyon esprituèl la ta fèt atravè yon revolusyon, Ameriken ak Fransè t'ap rekupere l' nan wout paske lidè politik, ekonomik nou yo trò kowompu.
Evintz BRILLANT (0414022024)
Haïti : Lumière des nations
Capitale politique et spirituelle du monde
